Maroule
Carole Demesmin
5:42Si lakansyèl te gen vwa Si lakansyèl te ka chante Se tankou Lumane li ta chante Kote Limàn pran lavwa Gen yon toubiyon ki leve Mande pye palmis yo danse Epòk sa a se nan tan Bisantnè Si ou fèt avanyè ou pa sa konnen Kouman ayisyen te fou pou li Kouman yo te renmen Lumane Casimir Yon tifi, yon ti kòmè pwovens Ki rive Pòtoprens vini chache lavi Yon tifi, san fanmi san zanmi Yon gita anba bra L ak yon espwa nan vwa l Lè l kanpe, lè l kanpe pou l chante Wosiyòl k ap pase vin poze pou tande Se konsa anvan 1 an pase Bèlè kou Bwavèna se de li y ap pale Nan yon ti kay san limyè Ki te nan lakou Fò Senklè genyen yon fi ki pwatrinè Se la yo di l remize Gen yon sèl moun k ap okipe l E se pa toulejou l vini Gen de twa timoun nan vwazinay Ki konn fè ti goutay pou ba li manje San konnen se yon dènye zanmi Se yon dènye fanmi Lumane Casimir Lè l mouri, lantèman l ap chante Tout moun li te fè byen yo youn pa prezante Men se te yon jounen san solèy Syèl la t ape kriye tout nyaj yo te pran dèy Pye lorye ki gen sou plas Sentan yo pliye yo panche pou yo salye Limàn E nan van, nan van ki t ap pase Gen moun ki fè sèman yo tande l ap chante Papa Gede bèl gason, Gede Nibo bèl gason Abiye tout an blan pou l al monte o palè Lè l abiye tout an blan, li pòtre yon depite Lè l abiye tout an nwa, li pòtre yon senatè Woy Papa Gede, adye Gede Nibo