Lavi Enposib

Lavi Enposib

Dena Babe

Альбом: Lavi Enposib
Длительность: 5:35
Год: 2025
Скачать MP3

Текст песни

Verse 1

Sa fè'm mal
Wi sa fè'm mal
M'santim Sal
Ou fè'm vin bosal
Ou fin di'm nou ansanm
Ou fin jwi tout anndanm
Kounya wap dim se pat vre
Oh oui se jwe ou tap jwe
Gad jan'w mechan
Monchè'w mechan
Ou te gentan gen plan'w
Pou fè'm pèdi tan
Kounya ou mèt prepare'w
Paske se saw tè seme
Ou pral rekòlte
Nanana nanana aaaa

Refren

Kounya m'pral rann ou lavi enposib
Kounya m'pral fè ou sispann pran woulib
Sou do moun ki ba'w lanmou
Sila ki soufri pouw
Sispann jwe ak santiman
Moun ki renmenw tout bon (Bis)

Verse 2
Sa Sifi
Wi sa sifi
M'ase soufri
Jwèt la fini
Ou panse'w te bon jènjan
Ou tap jwel entèlijan
Ou panse tout fi te menm jan
Ou pa't konn kotew te pran (wo ou woooo)
Mwen pa't mechant
Ou fèm vin mechant
Ou te gentan gen plan'w
Pou fè'm pèdi tan
Kounya ou mèt prepare'w
Paske se saw tè seme
Ou pral rekòlte
Nanana nanana aaaa

Refren

Kounya m'pral rann ou lavi enposib
Kounya m'pral fè ou sispann pran woulib
Sou do moun ki ba'w lanmou
Sila ki soufri pou'w
Sispann jwe ak santiman
Moun ki renmenw tout bon (Bis)

Cheri se tout moun kap pale se sa ‘''''


Solo
Oh oh ohhhhh (bis )

Breadj

Sa w simen sè li'w rekòlte
Sè sa'w fè wap peye
Ayyyy ou panse'w te bon matcho
Jan chèche jan twouve
Ooo ti doudou'w pran nan cho'w pran nan cho
Se sa'w fè wap peye
Wi monchè(bis) se kon'w pran ou konnen
Jan chèche jan twouve

Ooo ooo Zo sa resi koke nan gòj ou
Se saw fè se li'w wè
Istwa chanje nan men ou
Se saw fè sè li'w wè

Ou jwenn ak mezi bouchonw
Ou monte sou resif
Se byen jwenn byen kontre
Jwèt la resi gate
Ou jwenn ak mezi bouchonw
Ou monte sou resif
Se byen jwenn byen kontre
Jwèt la resi li resi li resi gate

Solo 


Oh oh ohhhhhh