Linyon
John Steve Brunache
5:13Gen lontan n'ap cheche yon lwa yon sèl lwa pou'n fè yon nansyon gen lontan n'ap bouske yon yon lwa lwa mantal ki pou di fyète nou diyite pou tout frè nou yo diyite pou tout yon nasyon yon nasyon menm aspirasyon menm deviz, menm kwayans nèg sa yo rele'l peyizan nèg sa yo rele'l poletè nèg sa yo menm se gran nèg nou tout se menm zanfan yo pitit mesye Vetyè yo nèg yo ka vanse la (bis) si yo bliye ipokrizi si yo vle detwi jalouzi pou yo konstwi yon peyi bati yon nasyon, sou chimen devlopman yon peyi k'ap lite yon peyi k'ap chante yon peyi k'ap mache, chèche verite (bis) men se kiyès ki konn chimen an ki va di nou, ki kote nou prale men se kiyès, ki gen flambo a k'ap klere chimen an, pou'n pa tonbeee tan rive pou demokrasi manman'w chanje konstitisyon an gen sa yo menm ki adopte li gen sa yo menm ki voye'l jete genyen lot yo, ki pran'l yo bafre li mesye yo preche l'union men kè yo gen trop vye pasyon nèg yo vle lwa pou jistis anpil nan yo se anachis yon peyi k'ap lite yon peyi k'ap chante yon peyi k'ap mache, chèche verite (bis) men se kiyès ki konn chimen an ki va di nou, ki kote nou prale men se kiyès, ki gen flambo a k'ap klere chimen an, pou'n pa tonbeee nèg yo ka vanse la (bis) si yo bliye ipokrizi nèg yo ka vanse la si yo vle detwi jalouzi nèg yo ka vanse la pou yo konstwi yon peyi bati yon nasyon, sou chimen devlopman