Sa Pa Di W Anyen

Sa Pa Di W Anyen

Pape James

Альбом: Sa Pa Di W Anyen
Длительность: 3:49
Год: 2025
Скачать MP3

Текст песни

Yow e Pape James Met Hip hop lan

Millionaire mind music 

Lèw tande PSP e pa game frè 

Bonswa, koman ou ye?
Ou pa menm bezwen mande m,
M annik rele w, tout kò m mouye,
Telman dlo je m tranpe m.
Pou viv isi, fòk ou komando.
M pa vin pou m derespekte w,
Ni m pa vin pou m komandew.

Yo dim se ou k Bondye,
Dayè, m deja konfime.
Ou pa rekonèt nou,
Lavi nou pase kon fime

Devant je w
M pa alèz devan jwa,
Men dlo nan de ran je n,
Kòm si m wè sa pa deranje w.

Papa, Ou pa wè n ap depafini?
Yo di m bonté w enfini.
Ou pa wè krim yo?
Moun ki fè peyi m pa ka avanse,
Tankou depa n fini.

Of course, se nou ki plis priye,
Men poukisa se nou ki plis kriye?
Nou rele w, w pa janm reponn.
Jenou n bouke dekale,
Lavi nou se li ki plis piye.

Moun kap mouri yo 
Sa pa di w anyen, 
Ti bebe yo boule a 
Sa pa di w anyen 
Lè bandi ap fè krim yo
Sa pa di w anyen

Simaye zam nan geto a
Sa pa di w anyen
Lè malerez ap kouri 
Sa pa di w anyen 
Peyi m fin gangsterize
Sa pa di w anyen 

Nou pa rete lafwa ankò,
E chak jou, satan pran sondem.
Ou pa wè sa?
Kriminèl yo te fè pon sonde.
Chak lè m tande bagay sa nan lavi m,
Gen sentòm menn 
Bandi mete n deyò,
Men n al mouri nan Sendomeng.

Se la m vin wè nou pa egziste vre,
Chak jou n ap reziste vre,
Leson lanmò n ap resite vre.

Men ou pa gen bay a di?
M vle ale, men pa a di.
E sèl kleren ki paradi.

Y ap arete atis yo, bagay sa pa senp.
Mechanste disparèt,
Nèg ap touye fanm ansent.

Nou santi prezans ou lwen,
M vle di w pi pre pou nou.
Antanke Dieu d’amour,
Tanpri, Papa, m vle w gen pitye pou nou.

Nou pase twòp mati
Se chomaj, krim, nèg yo fè nou twomatize.

Men nou priye, nou pa janm jwenn delivrans.
Olye nou ret viv konsa,
M konseye w pito ban nou Delij la.

Moun kap mouri yo 
Sa pa di w anyen, 
Ti bebe yo boule a 
Sa pa di w anyen 
Lè bandi ap fè krim yo
Sa pa di w anyen

Simaye zam nan geto a
Sa pa di w anyen
Lè malerez ap kouri 
Sa pa di w anyen 
Peyi m fin gangsterize
Sa pa di w anyen 

Dim dim poukisa ou chwazi ekate n 
Eske se paske san n te koule pou libete se paske san n te koule pou libète
Chak jou nap viv krim, men sa yo pa jamè epate w 
Eske se paske san n te koule pou libète

Moun kap mouri yo 
Sa pa di w anyen, 
Ti bebe yo boule a 
Sa pa di w anyen 
Lè bandi ap fè krim yo
Sa pa di w anyen

Simaye zam nan geto a
Sa pa di w anyen
Lè malerez ap kouri 
Sa pa di w anyen 
Peyi m fin gangsterize
Sa pa di w anyen