Bye Bye
Toby Anbake
4:23Je l'ai revue (Ma ville natale) Je l'ai revue J'peux plus Jesus Nou vle viv Nou vle viv Nou vle viv Nou vle viv (Kitem viv) Ayiti Nap chache libète toujou E lè n gad nan miwa n genlè pa wè sa nap devni Pouki? pouki? Lè n gad nan miwa n genlè pa wè kisa n devni Ki jou nap ka di BYENVINI AN AYITI Krim, vòl, vyòl Welcome to Haiti Kot lavi moun pa vo on mèd Pran msye touye li On sèl kout fil mare tout on fanmi tou ranni Eleksyon lòt semèn nenpot jan E on gangster k pou eli Gen plis zam kè diri komisyon vin pa sak Menm lapolis pa an sekirite kolizyon fè masak Inosan peye pou koupab Lavi timoun pa epanye Chita ap bwote dlo nan panye Pa gon leta k'akonpanye n Fuck 2020 kout zam manje moun ke Corona isi Granmoun yo di sa pi rèd ke makout, pi rèd ke Aristide Pastè yo kache dèyè bib, pou fè kabalistik Yo youn vle manje lòt Nèg yo an gè Israel-Palestine Nou te gon dal estim Nou te gon pakèt stil E nou k te la perle des Antilles Wè la n te ka fon pakèt chill Nèg yo fon pakèt krim Menm yo menm paka kwè l Yo nou tout te fèt clean Ou kite sistèm nan fè w kakatwè l E travay i te pwomèt i pat ka bay thug M pa di msye pat onèt men n tap batay thug Kelke swa moun ou wè k prezidan Ayiti pap ka chanje l Si n pa chanje sistèm nan n' still ap fè tapaj thug Oh merde se pou salon Kolangèt se pou street Poutan E menm kòlè an k degaje n fè l an bèt li enposib Pou sa m wè kap pase nan peyi sa, men nan tèt se pou swiv La jistis enpwisan devan gwo dosye l'enquête se poursuit Yow Ayiti pa m nan diferan yow m grandi nan on ghetto Yo pa ofri n kenn lòt option ke bandit en déco On nèg ou wè ki soti la ki ale la li son ewo Mwen m konsidere tèt mwen kòm on Gandhi anndan po Pou ba l on byè l pa Enposib pou lòt la baw on bal Kiyès ki responsab Si chak ti jenn gon baay bò bouda l Kiyès ki ame yo Esa ki lame a? Nou bezwen plis lekol pwofesyonèl nan area a Kot Ave Maria? Dat nap priye n toujou nan lari a Sak te rich ap pi rich Yo fout nou frap sou konn Di Maria Pou dat map fè silans li enève m Ann pran on ti moman silans pou Éveline La te la perle des Antilles Lontan la te yon paradi me Kounyea peyi m ap soufri (Se moun ou ye) Eske n chwazi kite peyi Genlè nan lagè jou grandi Pou jan son bal fè m pa dòmi Lè n gad nan miwa n genlè pa wè sa nap devni (Madigra m pap pèw peyi n te ka yon paradi) Lè n gad nan miwa n genlè pa wè sa nap devni Pouki? pouki? Si n te gen tèt ansanm vre Peyi n tap vrèman chanje Ou tap tande nou chante Chante, chante, chante BYENVINI AN AYITI BYENVINI AN AYITI Nou vle viv, nou vle viv Nou vle viv, nou vle viv Non m pa pè lougawou m pè moun Ces jours ci bagay yo di pou tout moun Madigra m pap pè w se moun ou ye Madigra m pap pè w se moun ou ye BYENVINI AN AYITI Nou vle viv, nou vle viv Nou vle viv, nou vle viv