I Miss My Ex
Zenglen
5:11Dj a kòman ou ye Se premye fwa mwen rele Ti chan sa mwen vle dedye l A yon moun ki espesyal Se aktivite mwen li ye Fanm sa se tout sa m posede Yo di m cho w la rive lwen Mwen swete ke li ap koute l E si g on oditè ki konnen l fè l branche Rele l di l g on chanson ki pral jwe, se pou li M swete, m swete li danse Lè l tande mizik sa avèk melodi sa M swete, m swete li danse M espere mizik sa rive sou li ak fòs Li toujou konn ap di m ke mwen gen anpil talan Li di m ke si m travay m ka pote anpil fwi Li se fanatik nimero 1 m, li toujou ap sipòte m Menm lajan pou m peye studio, dèfwa se li ki konn ede m Sè l bagay m ap mande l pou l danse lè l tande l Mwen konnen l ap renmen mizik sa ak tout kè l M swete, m swete li danse Lè l tande mizik sa avèk melodi sa M swete, m swete li danse M espere mizik sa rive sou li ak fòs Zenglen lifetime guarantee Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Tanpri jwe, tanpri jwe li pou mwen Petèt li kapab kèk kote l ape koute Depi l tande vwa m l ap konnen ki moun mwen ye Petèt li kapab kèk kote l ape koute Depi l tande vwa'm l'ap konnen ki moun mwen ye